Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

4. Pitit gason an

Bondye, Pitit etènèl la, te vin enkarné nan Jezi Kris. Se atravè Li tout bagay te kreye, karaktè Bondye revele, delivrans limanite akonpli, epi mond lan jije. Li ki Bondye toutbon pou letènite, li te vin tounen yon moun toutbon tou, Jezi Kris la. Li te konsevwa pa Sentespri a epi li te fèt de vyèj Mari. Li te viv epi li te sibi tantasyon tankou yon moun, men li te montre yon fason pafè jistis ak lanmou Bondye. Pa mirak li yo, li te manifeste pouvwa Bondye epi yo te temwaye li kòm Mesi Bondye te pwomèt la. Li te soufri epi li te mouri volontèman sou kwa a pou peche nou yo epi nan plas nou, li te resisite pami mò yo, epi li te monte nan syèl la pou l sèvi nan sanktyè syèl la pou nou. L ap vini ankò nan glwa pou delivrans final pèp Li a ak restorasyon tout bagay. (Izayi 53:4-6; Dan. 9:25-27; Lik 1:35; Jan 1:1-3, 14; 5:22; 10:30; 14:1-3, 9, 13; Wom 6:23; 1 Kor. 15:3, 4; 2 Kor. 3:18; 5:17-19; Fil. 2:5-11; Kol. 1:15-19; Ebre 2:9-18; 8:1, 2.)