Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

20. Sabat la

Kreyatè jenere a, apre sis jou kreyasyon an, repoze nan setyèm jou a epi enstitiye Saba a pou tout moun kòm yon souvni kreyasyon an. Katriyèm kòmandman lwa Bondye ki pa chanje a egzije pou nou obsève Saba setyèm jou sa a kòm jou repo, adorasyon, ak ministè an amoni ak ansèyman ak pratik Jezi, Senyè Saba a. Saba a se yon jounen kominyon agreyab ak Bondye epi youn ak lòt. Li se yon senbòl delivrans nou nan Kris la, yon siy senktifikasyon nou, yon prèv fidelite nou, epi yon apèsi sou avni etènèl nou nan wayòm Bondye a. Saba a se siy pèpetyèl Bondye pou alyans etènèl Li a ant Li menm ak pèp Li a. Obsèvasyon jwoye tan sakre sa a soti aswè rive aswè, solèy kouche rive solèy kouche, se yon selebrasyon zak kreyasyon ak delivrans Bondye yo. (Jen. 2:1-3; Egz. 20:8-11; 31:13-17; Lev. 23:32; Det. 5:12-15; Iz. 56:5, 6; 58:13, 14; Ezk. 20:12, 20; Mat. 12:1-12; Mak 1:32; Lik 4:16; Ebre 4:1-11.)