Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

28. Nouvo Latè

Sou nouvo tè a, kote jistis ap rete, Bondye ap bay moun ki delivre yo yon kay etènèl ak yon anviwònman pafè pou lavi etènèl, lanmou, lajwa, ak aprantisaj nan prezans Li. Paske se la menm Bondye ap rete ak pèp Li a, epi soufrans ak lanmò pap egziste ankò. Gwo konfli a ap fini, epi peche pap egziste ankò. Tout bagay, vivan kou san vi, pral deklare ke Bondye se lanmou; epi L ap renye pou toutan. Amen. (Iz. 35; 65:17-25; Mat. 5:5; 2 Pyè 3:13; Rev. 11:15; 21:1-7; 22:1-5.)