Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

7. Nati Limanite

Gason ak fanm te kreye nan imaj Bondye ak endividyalite, pouvwa ak libète pou panse ak pou aji. Malgre yo te kreye kòm èt lib, chak moun se yon inite endivizib kò, lespri, ak nanm, ki depann de Bondye pou lavi, souf, ak tout lòt bagay. Lè premye paran nou yo te dezobeyi Bondye, yo te nye depandans yo anvè Li epi yo te tonbe sot nan pozisyon enpòtan yo te genyen an. Imaj Bondye ki te nan yo a te sal e yo te vin sijè a lanmò. Desandan yo pataje nati tonbe sa a ansanm ak konsekans li yo. Yo fèt ak feblès ak tandans pou fè sa ki mal. Men Bondye, nan Kris la, te rekonsilye mond lan avèk Li epi, pa mwayen Lespri Li a, Li retabli imaj Kreyatè yo a nan moun ki repanti yo. Kòm yo te kreye pou glwa Bondye, yo resevwa apèl pou yo renmen Li ak youn lòt, epi pou yo pran swen anviwònman yo. (Jen. 1:26-28; 2:7, 15; 3; Sòm 8:4-8; 51:5, 10; 58:3; Jer. 17:9; Trav. 17:24-28; Rom. 5:12-17; 2 Kor. 5:19, 20; Efe. 2:3; 1 Tes. 5:23; 1 Jan 3:4; 4:7, 8, 11, 20.)