19. Lwa Bondye
Gwo prensip lalwa Bondye a enkòpore nan Dis Kòmandman yo epi yo jwenn egzanp nan lavi Kris la. Yo eksprime lanmou, volonte, ak objektif Bondye konsènan konduit ak relasyon moun, epi yo gen fòs pou tout moun nan tout epòk. Presept sa yo se baz alyans Bondye ak pèp Li a epi se estanda nan jijman Bondye. Atravè pouvwa Lespri Sen an, yo montre peche epi yo reveye yon sans de bezwen pou yon Sovè. Delivrans se gras sèlman, se pa zèv, epi fwi li se obeyisans ak Kòmandman yo. Obeysans sa a devlope karaktè kretyen epi li bay yon santiman byennèt. Li se prèv lanmou nou pou Senyè a ak sousi nou pou lòt moun. Obeyi ki soti nan lafwa demontre pouvwa Kris la genyen pou transfòme lavi moun, e konsa li ranfòse temwayaj kretyen an. (Egz. 20:1-17; Det. 28:1-14; Sòm 19:7-14; 40:7, 8; Mat. 5:17-20; 22:36-40; Jan 14:15; 15:7-10; Rom. 8:3, 4; Efe. 2:8-10; Ebre 8:8-10; 1 Jan 2:3; 5:3; Rev. 12:17; 14:12.)