5. Lespri Sen an
Bondye, Lespri etènèl la, te aktif ak Papa a ak Pitit la nan Kreyasyon, enkarnasyon, ak redanmsyon. Li se yon pèsòn menm jan ak Papa a ak Pitit la. Li te enspire otè Ekriti yo. Li te ranpli lavi Kris la ak pouvwa. Li atire epi konvenk moun; e moun ki reponn yo, li renouvle yo epi transfòme yo nan imaj Bondye. Papa a ak Pitit la te voye Li pou l toujou avèk pitit Li yo, Li bay legliz la kado espirityèl, Li ba li pouvwa pou temwaye pou Kris, epi an amoni ak Ekriti yo, Li gide li nan tout verite. (Jen. 1:1, 2; 2 Sam. 23:2; Sòm 51:11; Iza. 61:1; Lik 1:35; 4:18; Jan 14:16-18, 26; 15:26; 16:7-13; Trav. 1:8; 5:3; 10:38; Wom. 5:5; 1 Kor. 12:7-11; 2 Kor. 3:18; 2 Pyè 1:21.)