Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

18. Kado Pwofesi a

Ekriti yo temwaye ke youn nan kado Lespri Sen an se pwofesi. Kado sa a se yon mak idantifikasyon legliz rès la e nou kwè li te manifeste nan ministè Ellen G. White. Ekri li yo pale ak otorite pwofetik epi yo bay legliz la rekonfò, gidans, enstriksyon ak koreksyon. Yo fè klè tou ke Bib la se estanda kote tout ansèyman ak eksperyans dwe teste. (Nim. 12:6; 2 Kron. 20:20; Amòs 3:7; Joèl 2:28, 29; Aksyon 2:14-21; 2 Tim. 3:16, 17; Ebre 1:1-3; Rev. 12:17; 19:10; 22:8, 9.)