Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

3. Papa a

Bondye, Papa etènèl la, se Kreyatè, Sous, Sipòtè, ak Sovèrin tout kreyasyon an. Li jis e sen, gen pitye e gras, pran tan pou l fache, e li rich nan lanmou fidèl ak fidelite. Kalite ak pouvwa ki parèt nan Pitit la ak nan Lespri Sen an se menm jan tou pou Papa a. (Jen. 1:1; Det. 4:35; Sòm 110:1, 4; Jan 3:16; 14:9; 1 Kor. 15:28; 1 Tim. 1:17; 1 Jan 4:8; Rev. 4:11.)