Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

12. Legliz la

Legliz la se kominote kwayan ki konfese Jezi Kris kòm Senyè ak Sovè. Nan kontinite ak pèp Bondye a nan tan Ansyen Testaman an, nou rele soti nan mond lan; epi nou rasanble ansanm pou adorasyon, pou fratènite, pou enstriksyon nan Pawòl la, pou selebrasyon Sènp Sèvisè a, pou sèvis pou limanite, ak pou pwoklamasyon levanjil la atravè lemond. Legliz la soti otorite li nan Kris la, ki se Pawòl la ki te vin tounen moun e ki revele nan Ekriti yo. Legliz la se fanmi Bondye; Li adopte nou kòm pitit, e manm li yo viv sou baz nouvo alyans lan. Legliz la se kò Kris la, yon kominote lafwa kote Kris la li menm se Tèt la. Legliz la se lamarye pou ki Kris la te mouri pou L te ka senyen l epi netwaye l. Lè L ap retounen nan laviktwa, L ap prezante l bay tèt Li kòm yon legliz gloriye, fidèl tout epòk yo, moun Li te achte ak san L, ki pa gen tach ni rid, men ki sen e san defo. (Jen. 12:1-3; Egz. 19:3-7; Mat. 16:13-20; 18:18; 28:19, 20; Trav. 2:38-42; 7:38; 1 Kor. 1:2; Efe. 1:22, 23; 2:19-22; 3:8-11; 5:23-27; Kol. 1:17, 18; 1 Pyè 2:9.)