21. Jesyon responsab
Nou se administratè Bondye, Li konfye nou tan ak opòtinite, kapasite ak byen, ansanm ak benediksyon tè a ak resous li yo. Nou responsab devan Li pou nou byen itilize yo. Nou rekonèt posesyon Bondye a pa sèvis fidèl nou bay Li ak pwòch nou yo, epi lè nou retounen dizim epi bay ofrann pou pwoklamasyon levanjil Li a ak pou sipò ak kwasans legliz Li a. Jesyon resous se yon privilèj Bondye ban nou pou nou grandi nan lanmou epi genyen batay kont egois ak kòvètiz. Mèt kay yo rejwi nan benediksyon ki vin sou lòt moun kòm rezilta fidelite yo. (Jen. 1:26-28; 2:15; 1 Kwon. 29:14; Agi 1:3-11; Mal. 3:8-12; Mat. 23:23; Wom. 15:26, 27; 1 Kor. 9:9-14; 2 Kor. 8:1-15; 9:7.)