17. Dòn ak Ministè Espirityèl
Bondye bay tout manm Legliz Li yo nan tout epòk kado espirityèl pou chak manm itilize nan yon ministè fèt ak lanmou pou byen komen Legliz la ak limanite. Kado sa yo, se Lespri Sen an ki bay yo, e se Li menm ki distribye yo bay chak manm jan Li vle. Kado sa yo bay tout kapasite ak ministè Legliz la bezwen pou l ka akonpli fonksyon Bondye te òdone pou li yo. Dapre Ekriti yo, kado sa yo gen ladan ministè tankou lafwa, gerizon, pwofesi, pwoklamasyon, ansèyman, administrasyon, rekonsilyasyon, konpasyon, ak sèvis sakrifis tèt ou ansanm ak charite pou ede ak ankouraje moun. Gen kèk manm Bondye rele epi Lespri a ba yo don pou fonksyon legliz la rekonèt nan ministè pastoral, evanjelik, ak ansèyman ki nesesè anpil pou ekipe manm yo pou sèvis, pou bati legliz la nan matirite espirityèl, epi pou ankouraje inite lafwa ak konesans Bondye. Lè manm yo itilize kado espirityèl sa yo kòm bonjan jere ki fidèl nan divès gras Bondye, legliz la pwoteje kont enfliyans destriktif fo doktrin, li grandi ak yon kwasans ki soti nan Bondye, epi li bati nan lafwa ak lanmou. (Aksyon 6:1-7; Wom 12:4-8; 1 Kor. 12:7-11, 27, 28; Efe. 4:8, 11-16; 1 Tim. 3:1-13; 1 Pyè 4:10, 11.)