Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

11. Ap grandi nan Kris

Pa lanmò Li sou kwa a, Jezi te gen laviktwa sou fòs mechanste yo. Li menm ki te mete lespri demon yo anba pye L pandan ministè L sou tè a, kase pouvwa yo epi Li asire ke yo pral pèdi pou toutan. Viktwa Jezi a ban nou laviktwa sou fòs mechanste ki toujou ap chèche kontwole nou yo, pandan n ap mache avèk Li nan lapè, lajwa, ak asirans lanmou Li. Kounye a, Lespri Sen an abite nan nou epi li ban nou fòs. Pandan n ap rete toujou fidèl ak Jezi kòm Sovè ak Mèt nou, nou libere anba chay aksyon nou te fè nan tan lontan. Nou pa viv ankò nan fènwa, nan laperèz devan pouvwa malveyan yo, nan inyorans, ak nan lavi san sans nou te konn mennen an. Nan nouvo libète sa a nan Jezi, nou rele pou nou grandi pou nou sanble ak karaktè Li, kominike avè l chak jou nan lapriyè, nouri tèt nou ak Pawòl Li, medite sou li ak sou pwovizyon Li, chante louwanj pou Li, rasanble ansanm pou adore, epi patisipe nan misyon Legliz la. Nou rele tou pou nou suiv egzanp Kris la lè nou sèvi bezwen fizik, mantal, sosyal, emosyonèl, ak espirityèl limanite avèk konpasyon. Pandan n ap bay tèt nou nan yon sèvis ki chaje ak lanmou pou moun ki bò kote nou epi n ap temwaye pou delivrans Li, prezans Li ki toujou avèk nou nan Lespri a transfòme chak moman ak chak travay an yon eksperyans espirityèl. (1 Kwon. 29:11; Sòm 1:1, 2; 23:4; 77:11, 12; Mat. 20:25-28; 25:31-46; Lik 10:17-20; Jan 20:21; Wom 8:38, 39; 2 Kor. 3:17, 18; Gal. 5:22-25; Efe. 5:19, 20; 6:12-18; Fil. 3:7-14; Kol. 1:13, 14; 2:6, 14, 15; 1 Tes. 5:16-18, 23; Ebre 10:25; Jak 1:27; 2 Pyè 2:9; 3:18; 1 Jan 4:4.)