Ale dirèk nan kontni Ale dirèk nan pye paj la

22. Konpòtman Kretyen

Nou rele pou nou vin yon pèp ki gen krentif pou Bondye, ki panse, santi, epi aji an amoni ak prensip biblik yo nan tout aspè lavi pèsonèl ak sosyal nou. Pou Lespri a ka rekreye nan nou karaktè Senyè nou an, nou angaje tèt nou sèlman nan bagay ki pral pwodui yon pite, yon sante, ak yon lajwa ki sanble ak Kris la nan lavi nou. Sa vle di ke amizman ak divètisman nou yo dwe satisfè pi wo estanda bon gou ak bote kretyen. Pandan n ap rekonèt diferans kiltirèl yo, fason nou abiye a dwe senp, modès, epi pwòp, yon fason ki apwopriye pou moun ki gen yon vrè bote ki pa nan aparans ekstèn, men nan bèlte ki pa janm finn yon lespri ki dou e ki trankil. Sa vle di tou, paske kò nou se tanpy Lespri Sen an, nou dwe pran swen yo avèk entèlijans. Ansanm ak egzèsis ak repo ki ase, nou dwe adopte rejim alimantè ki pi bon pou sante nou posib epi evite manje sal ki idantifye nan Ekriti yo. Piske bwason ki gen alkòl, tabak, ak itilizasyon san responsablite dwòg ak narkotik danjere pou kò nou, nou dwe evite yo tou. Olye de sa, nou dwe angaje nou nan tout sa ki mennen panse nou ak kò nou nan disiplin Kris la, ki swete nou an sante, lajwa, ak sa ki bon. (Jen. 7:2; Egz. 20:15; Lev. 11:1-47; Sòm 106:3; Wom. 12:1, 2; 1 Kor. 6:19, 20; 10:31; 2 Kor. 6:14-7:1; 10:5; Efe. 5:1-21; Fil. 2:4; 4:8; 1 Tim. 2:9, 10; Tit 2:11, 12; 1 Pyè 3:1-4; 1 Jan 2:6; 3 Jan 2.)