15. Batèm
Pa batèm nou konfese lafwa nou nan lanmò ak rezirèksyon Jezikri, epi nou temwaye lanmò nou pou peche ak detèminasyon nou pou mache nan renouvèlman lavi. Konsa nou rekonèt Kris kòm Senyè ak Sovè, nou vin pèp Li, epi legliz Li resevwa nou kòm manm. Batèm se yon senbòl inyon nou ak Kris la, padon peche nou yo, ak resepsyon Lespri Sen an. Li fèt pa imèsyon nan dlo epi li depann de yon afimasyon lafwa nan Jezi ak prèv repantans pou peche. Li swiv enstriksyon nan Sen Skripti yo ak akseptasyon ansèyman yo. (Matye 28:19, 20; Travay 2:38; 16:30-33; 22:16; Women 6:1-6; Galat 3:27; Kolosyen 2:12, 13.)